Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Magdala Louis kidnape, yo mande fanmi l 800 mil dola

Magdala Louis kidnape, yo mande fanmi l 800 mil dola

Koze kidnapin lan pa sispann ap ogmante, li frape tout kouch sèdènye tan sa yo. Nouvo ka kidnapin ki anrejistre a se Magdala Louis ki gen ti non Dadou ke yo pran pandan l t al patisipe yè dimanch lan nan yon gradiyasyon Michel Châtaigne t ap fè nan otèl Karibe, selon eksplikasyon yon pwòch li ke nou rankontre maten an.

Daprè eksplikasyon pwòch sa ki se gran sè Magdala Louis, ki pa t ka Kenbe dlo nan je l, li fè nou konnen li pa ka an mezi di kote yo kidnape sè a, men tout moun te okouran se nan yon gradiyasyon li te ale yè dimanch lan. Selon sa l di, se lè yo wè l pa rantre yè swa epi l rele l epi l tonbe sou yon mesye ki di yo kidnape sè a. Avan sa moun yo te mande 1 milyon jistan yo vin bese l a 800 mil dola, selon gransè a.

Li pa t an mezi presize pou nou si se dola ayisyen oubyen vèt yo mande kòm montan paske li di ravisè yo pa t menm presize epi l te sou chòk. Sepandan, yo fè l pale ak sè a ki konfime l ke yo kidnape l. Selon sa sè a di l, se sou yon moto li ye yo kidnape l.

Magdala Louis gen 33 zan, li g on pitit, li p ap viv ak mari l. Li rete anndan yon lokalite ki rele “site Choun” ki s on katye pòv ki kole ak Ravin Pintat, Riyèl Vayan, Avni Poupla, Avni Martin Luther King, ki tou vle di li nan mitan yo.

Magdala Louis te konn boukannen sosis a yon epòk, li te gen bak sirèt/bonbon tou sou Bwavèna a yon moman. Manman l ak papa l mouri nan tranbleman 12 janvye 2010. Depi lè sa, se dlo li menm ak sè l la ap bat pou fè bè anndan geto a kote Magdala Louis te konn fè djòb tcheke moun pou lekòl Michel Châtaigne la epi yo ba l yon ti frè, selon gran sè a.

Plizyè sitwayen deja an kòlè anndan katye kote Magdala t ap viv la, y ap pare pou bloke Lali, Avni Martin Luther King ak zòn ki antoure yo pou mande konkou otorite yo ak sitwayen yo epi mande libere Magdala Louis san kondisyon paske fanmi an pa gen lajan.

Dekouvri plis:

“Boyo”, yon fim dokimantè pou leve rido sou fas kache Ayiti

Plus de contenu

Actualités

Le journaliste et ancien Porte-parole de la Présidence Lucien Jura a été libéré ce jeudi après avoir été enlevé au début de cette semaine...

Insécurité

Des individus armés ont kidnappé le Journaliste senior, Lucien Jura chez lui à Vivy Mitchell. Alors que les gangs armés ne cessent de poser...

Actualités

L’archevêché de Port-au-Prince confirme la libération des six religieuses via une note. Dans une note officielle envoyée à Juno7, le père Marc Henry Siméon,...

Insécurité

Un étudiant de l’Institut National d’Administration de Gestion et des Hautes Etudes Internationales (INAGHEI) enlevé ce lundi 27 novembre à Turgeau. Vertilus Jalson, étudiant...