Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Etazini: Delta Airlines ateri an ijans akoz yon pasaje ki gen dyare badijonnen avyon an ak poupou

Etazini: Delta Airlines ateri an ijans akoz yon pasaje ki gen dyare badijonnen avyon an ak poupou

Etazini: yon avyon konpayi Delta Airlines kase tèt tounen aprè yon pasaje badijon avyon an ak poupou.

Yon avyon Delta Airlines ki t ap sòti nan ayewopò Atlanta pou ale nan vil Baselòn te oblije kase tèt tounen aprè 2 èd tan li te fè ap vole. Desizyon sa pran akoz yon pasaje non l pa rann piblik te gen yon gwo dyare ki te badijonnen ak watè plizyè kote nan aparèy sa, selon sa plizyè medya rapòtè.

Pou te kapab kase tèt tounen, pilòt la te fè konnen ak kontwolè ayeryen yo gen yon “risk biyolojik” san pa t bay detay sou patoloji ak pwofil endividi sa.

Konpayi a fè konnen ekip yo a te travay rapid pou netwaye tout anndan avyon an pou te kapab fè yon lòt vòl.

Yo kalifye operasyon an efikas malgre dyare pasaje a te vle mete difikilte. Yon lòt avyon te redekole epi ale ki t ap fè yo rive nan demen. Delta Airlines te prezante eskiz li ak kliyan yo.

Etazini: Delta Airlines ateri an ijans akoz yon pasaje ki gen dyare badijonnen avyon an ak poupou

Dekouvri plis:

Jacmel : arrestation d’un trafiquant de drogue et saisie de 9 251 kgs de paille sèche assimilée à de la marijuana

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Après Best Western, c’est autour de Delta Airlines de tourner le dos à Haïti. La compagnie aérienne vient en effet d’annoncer son retrait du...