Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Sendika transpò piblik yo repòte twa jounen grèv yo te lanse pou peryòd ekzamen bakaloreya yo

Mot d'ordre de grève: sans barricade, les rues de la région métropolitaine de Port-au-Prince clairsemées
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Sou demann popilasyon an, sendika transpò piblik yo repòte pwovizwaman twa jounen grèv yo te anonse pou peryòd ekzamen ofisyèl bakaloreya.

Grèv jeneral ki te anonse Sou tout peyi a pou 31 jiyè, 1e ak 2 out p ap fèt ankò. Sendika transpò machin yo deside retounen sou desizyon yo aprè demann anpil moun anndan sosyete a ki estime grèv sa p ap bon akoz li pwograme nan peryòd elèv yo pral nan ekzamen ofisyèl bakaloreya. Anndan yon nòt, plizyè sendikalis fè konnen yo repòte l pwovizwaman epi souliye y ap kominike yon dat nan pa twò lontan.

“Apre analiz ak konseètasyon, pou Bay Satisfaksyon Ak Tout Apèl Ki Mande yon trèv sou mobilizasyon an kap Pemèt Timoun Yo rive Pase Ekzamen Yo, Ansanm Sendika Transpò Yo Deside Repòte 3 Jou Grèv
Nasyonal la Pwovizwaman Pou Yon Lòt Dat Nap Gen Pou n Bay Nan Jou Kap Vini Yo”, se sa sendikalis ki siyen nòt yo fè konnen.

Sendikalis yo fè konnen aprè egzamen bakaloreya yo, fòk mobilizasyon an kontinye pi rèd sou peyi a paske moun k ap dirije Leta a pa planifye anyen pou pèp la. “Sektè transpò a ki se fòs ak matris ekonomi peyi dayiti konstate kòman Leta ayisyen pa sispann bay jarèt ak ensekirite a nan kite gang tabli katye jeneral yo sou divès bout sou teritwa nasyonal la nan ranfose lavi chè, dekapitalizasyon elatriye”, se konsta sa sendikalis yo di yo fè.

Desizyon pou lanse grèv la te vini pou egzije Leta desann pri gaz la epi mande gouvènman an mete lapè ak sekirite anndan peyi a ki prèske fin kontwole pa bandi k ap simen latwoublay nan plizyè katye popilè anndan peyi a.

Sendikalis ki siyen nòt repò sa se Jacques Anderson Desroches, Mehu Changeux, Montes Joseph, Sanozier Remy, Marcelin Jean Philippe, Sonson Dume ak Willio Joseph.

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce samedi 29 juillet 2023

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Grèv jeneral la ap leve sou peyi a jodia bò 4 è selon sendikalis Jacques Anderson Desroches. Nan yon konferans pou laprès, Jacques Anderson...

Aktyalite AN KREYÒL

Asosiyasyon Chofè Pwodui Petwolye an Ayiti lanse yon grèv kont ensekirite pou demen jedi a. Asosiyasyon Chofè Pwodui Petwolye an Ayiti anonse yo lanse...

Aktyalite AN KREYÒL

Òganizasyon sendikal tankou FUTRAH, FENATRAH ki te lanse modòd grèv la anonse yo leve l men li toujou kenbe sou Gran Sid la. Jodi...

Aktyalite AN KREYÒL

Aprè 2 jounen grèv ki te fèt lendi ak madi pase a sou direksyon sektè sendikal la , jodi mèkredi 3 fevriye a anpil...