Connect with us

Hi, what are you looking for?

Business

A 20 lane, yon etidyan medsin lanse l nan filyè kafe Ayiti

A 20 lane, yon etidyan medsin lanse l nan filyè kafe Ayiti

Perkens Rolf Julien se non yon jèn etidyan nan medsin nan Fakilte Medsin ak Famasi anndan inivèsite Leta a ki  lanse l nan koze kafe Ayiti kote l se yon antreprenè.

An Ayiti, li souvan difisil pou w jwenn ak laj sa jèn ki souvan ap kreye oubyen ap goumen pou soti tèt yo. Perkens Rolf Julien se youn nan ka espesyal yo ki deside rantre nan koze biznis kafe pa bò isit. Nan ti pale ak redaksyon an, jèn antreprenè a te eksplike rezon ki fè se yon chan konsa li chwazi pou l envesti

“M ta pral di kisa nou te konn pwodui lontan ki bese kounya, kafe a vin tou monte nan tèt mwen. Kijan sa te konn fèt? Kouman l dwe fèt? Kisa k dwe ajoute? Ansanm de kesyon sa yo ta pral pouse m ekri yon pwojè nan domèn sa”, eksplike Julien.

Pou sa rive fèt, Perkens Rolf Julien mete yon antrepriz kanpe ki pou jere kesyon pwodiktivite kafe a epi te tou pwofite bay kèk detay sou antrepriz sa ki ki rele JPR Production (Julien Perkens Rolf Production)

Antrepriz la lanse nan lane 2020. M ap chache de jou an jou pou m arive atenn tout objektif pwojè a. Pou estaf, nou gen 2 moun nan administrasyon an, pou ouvriye nou ba yo kontra jounalye lè pou anbale kafe a ak kèk lòt tach epi yo touche”.

Pou yon pwojè konsa, Mesye Julien avwe li pa ko jwenn sipò antite nan Leta a. Toutfwa li fè konnen li jwenn èd kèk antrepriz prive

“Pou Leta non, pou prive wi men pa anpil. Yo toujou di m se yon bèl pwojè epi ban m konsèy tou”, deklare jèn etidyan an.

Daprè Perkens Rolf Julien, distribisyon kafe a fèt plis nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan epi l fè konnen tou feedback yo trè pozitif

“Nan rejyon metwopolitèn nan ak kèk vil pwovens. Feedback yo pozitif epi kòmand yo ogmante de jou an jou”.

Moun ka ap poze tèt yo kesyon kijan pou yon fiti medsen deside anbrase koze kafe pandan fò souvan nou toujou tande y ap klewonnen kafe pa twò bon pou sante moun. Lè nou te arive poze l kesyon sa, konsène a te reponn konsa

“Se pou sa mwen te koumanse avèk paj Facebook la kote mwen bay tout enfòmasyon sou konsomasyon epi se te objektif premye fè Moun konnen valè medisinal kafe”.

Perkens Rolf Julien pa kache ki rezilta li espere ak yon pwojè konsa ki se avantou remonte pwodiksyon nasyonal la

“Rezilta chita nan objektif pwojè a, epi tout sa m swete se wè pwojè sa kontribye nan remonte pwodiksyon nasyonal la epi kite Yon eritaj pou jenerasyon k ap vini yo”.

Pou te boukle ti pale sa ak redaksyon medya a, Perkens te pwofite voye mesaj bay jèn parèy li yo pou l di yo prepare avni yo

“Avni se prepare yo prepare sa li pa aza. epi demen peyi a depann de nou, nou kapab nou gen potansyèl mete yo a leprèv nan linyon tèt ansanm nou ka gen yon demen miyò epi mete peyi a sou bon Ray devlopman”.

Dekouvri plis:

4 millions d’Haïtiens en situation d’insécurité alimentaire aiguë selon le secrétaire général de l’ONU

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu