Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

Zafèm eksprime gratitid li ak tout moun aprè soti album LAS la

Zafèm eksprime gratitid li ak tout moun aprè soti album LAS la

Anndan yon nòt, Zafèm eksprime gratitid li ak tout moun aprè soti album Lalin Ak Solèy la.

Gwoup Zafèm atravè yon nòt li mete deyò jodi lendi 8 me a, eksprime gratitid li anvè tout kouch nan sosyete a ki te akeyi album Lalin ak Solèy la, yon pwojè ki te soti vandredi pase a ki apresye pa anpil moun ki pa sispann pale de li sou tout rezo sosyal yo.

“Nou leve maten an gratitid fe kenken nan kè n, tout yon linivè emosyon travèse n lè nou gade jan tout kouch nan sosyete a lonje men ban nou, ata “dlo soti nan kè n”, se konsa gwoup mizikal la koumanse nòt la pou montre jan reyaksyon moun yo touche l.

Atravè nòt sa, gwoup la te pwofite remèsye Laprès, konesè nan mizik, mizisyen ak melomàn. “N ap di mèsi ak laprès ekri, pale epi televize ki woule tapi tout koulè pou travay sa, melomàn tout kalte mizik ki fè kòmantè espesyalman tout notab valab epi onorab ki save nan domèn nan ansanm ak kòlèg mizisyen nou yo.”

Yon moun ki swete wè Zafèm nan zòn bò lakay li pou pèfòme ka kontakte nimewo sa pou pran randevou 347-203-2020 oubyen ekri [email protected]

“Mèsi Zafem. Mèsi Dener Ceide. Mèsi Réginald Cangé Pè L’as. Nan moman ténèb sa a, Ayiti ap viv la, nou montre gen limyè kap vini. Albòm LAS la telman gen varyete ladann, li difisil anpil pou mwen di ki chanté mwen pito sou li”, se sa Maestro Fabrice Rouzier te deklare pou felisite nèg yo.

Lalin ak solèy, Le plein, M p ap fè silans, Dlo Dous, M p ap ka neye, Ati Sole, Zanmi fanm, se kèk nan mòso k ap fè chimen yo.

Zafèm eksprime gratitid li ak tout moun aprè soti album LAS la

Dekouvri plis:

Réaction de Me Pierre Antoine LOUIS à la lettre ouverte du professeur Jacques Vernet au secteur privé haïtien

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Culture

Un gala de Noël éblouissant offert par la formation musicale Zafem au Centre de Convention El Rancho. Le groupe Zafem emmené par le maestro...

Actualités

Endividi moun pa rive idantifye voye gaz lakrimojèn nan yon bal Zafem ki t ap fèt Orlando, peyi Etazini, mayestwo Dener Ceide fè konnen...

Éducation

“Dyaman nan Bidonvil”, yon tèks Zafèm sòti nan ekzamen ofisyèl bakaloreya. Ekzamen ofisyèl bakaloreya fini jodi jedi 3 out 2023 la sou tout teritwa...

Éducation

“Pa sezi si yon tèks Zafem sòti nan egzamen ofisyèl literati kreyòl”, prévient le ministre de l’Éducation nationale Nesmy Manigat. À la suite de...