Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insolite

Men 5 Bagay kèk fanm konn fè gason.

Kèk fanm toujou met nan tèt yo ke, pou yo gen yon nèg poukont yo fòk yo sèvi ak de seri bagay malonèt an kachèt, pafwa yo menm al kay gangan pou mare nèg la.

Nan atik sila m’ap fè’w dekouvri 5 teknik pami yo fanm mechan oswa ‘jalou fou’ konn itilize pou chame gason yo sitou sa ki damou anpil yo.

1 : Yo chache konnen ki pafen nèg la renmen, yo melanje pafen sa ak de seri lwil chans yo achte pou kapte nèg la.

2 : Yo konn mete yon poud espesyal oswa lòt sibtans nan manje yo bay nèg la, Men nèg ki sou men yo toujou devye yo pafwa. “Kou sa pap pase ti cheri” …

3 : Lè yo wè nèg la ta vle kite yo vre, e yo bezwen mare pyel oswa yo bezwen marye, Yo di nèg la ke yo gwòs, pafwa nèg ki renmen timoun konn tonbe nan pyej sa yo, Epi apre de 3 jou yo pran pòz pitit la tonbe, o wi yo fè fos kouch, Men gen gason ki sou men yo tou, yap di : Ti ‘Lady’ ou mèt fè pitit la epi yo lase bòt yo.
“Bondye ap pini yo tou”

4 : Genyen ki marye oswa plase ak nèg la depi byen lontan epi vant ap monte, pitit tonbe, men poutan pitit la pou nèg la vre, yo bal yon “Kout pitit” lè sa nèg la ap kale yanm pou po, podyab … Men kafe a konn koule ak ma tou, sa konn di anpil pou fanmi an.

5 : Lè gen yon razè nan kay la, swa nèg la poko touche oswa lajan transfè a poko tonbe. Hmm afè lanmou, karès, plòtonnen sou kabann se bliye sa, “No money, No love”.

Antouka se pa tout gason yo non ki konn inosan nan ka sa yo, Genyen ki fè fanm yo soufri tou.

• Atik sila pibliye nan “Lang Kreyòl Ayisyen” yon fason pou selebre jounen 28 oktòb la, ki se : Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl.

[views]

Plus de contenu