Connect with us

Hi, what are you looking for?

Société

Tibèf, nan benyen pa gen kache lonbrit [PG 18+]

Tibèf - ti bèf

Tibèf yon plezi nou pè mande… Poutan, fanm kou gason lè y ap fè bagay, anndan fè bagay la menm konn gen anpil bagay ki rete sou baboukèt, kidonk ki pa di, ki pa fè osnon yo pè fè. Ki kote sa konn soti ? Kòz la konn soti depi nan fason relasyon an konstwi. Yon relasyon ki konstwi nan manti kote 2 moun yo pa montre vrèman kiyès yo ye ka gen anpil rezèv lè moun yo ap pataje kò yo, melanje santiman yo.

Yon fanm ki pran pòz sè legliz li pandanstan li se yon limena ap gen pwoblèm pou l mande pozisyon lè nèg li ap koupe l. Rimè a ta fè kwè moun legliz pa koupe menm jan ak moun ki deyò yo… Konsa nèg sa ap difisil pou l jwenn yon seri plezi nan men fanm sa a. Menm jan pou yon gason ki pran pòz pastè l oubyen egare l, si l oze mande kèk pozisyon fanm nan ka dekouvri aklè se yon grenn senk li ye.

Youn nan bagay ki toujou yon ti kras difisil pou fè oubyen mande lè 2 moun ap koupe se tibèf la. Anpil fanm kou anpil gason renmen lè yo fè tibèf pou yo, men yo konn pè mande patnè yo l, sitou lò relasyon an fèk tanmen.  Gen moun ki fè konnen lè w jwenn yon moun ki konn fè tibèf  byen, w ap jwenn yon plezi kote w p ap gen mo pou w kole sou li. Medam yo renmen nèg k ap byen tete krèk yo san l pa ba l move kout dan ni tou san l pa vin bave nan koko yo. Mesye yo menm konn pa vle twòp tibèf pou yo pa vini twò vit epitou yo pa renmen lè fanm nan ap pran pòz l ap souse, si w ap souse se souse byen pa dwe gen rezèv nan tibèf la.

Fòk nou di tou gen moun ki pa renmen l, gen moun ki twouve li pa yon bagay ki pwòp pou yon moun fè, kòmsi fè bagay se yon bagay pwòp. Pafwa yo konn gen rezon, paske si w tonbe sou yon moun ki malpwòp, ki pa konn kouman pou l pran swen pati l, ou ka regret ou te al vizite peyiba tèlman santò ka twe w ak souflèt marasa.

Nan yon relasyon, dwe gen dyalòg sou tout sa ki ka kenbe relasyon an djanm, kidonk dwe gen dialog sou fason n ap fè lanmou, sou plezi nou anvi pran ak jan nou anvi pran l. Tabou an dwe al bwa chat pou nou ka di sa nou vle aklè. Nou pa dwe wont di mennaj nou fè tibèf pou nou paske nou renmen l anpil, nou pran anpil plezi ladan l. Kit ou se kretyen, kit ou se yon moun poze osnon yon limena gran kreyè, yon grenn senk, alèz ak patnè w epi mete l alèz tou, pou relasyon nou sispann gen fo vizaj, konsa youn ap tòtòt toto pou lòt.

ZO Mangay Vanyan

SUR LE MEME SUJET: Mes mains seulement et Dieu seul me voit, pratique très courante chez les gars. Gen pawòl!

[views]

 

Plus de contenu

Santé

‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li? Koze fè sèks aprè yon manman fin akouche konn mete...

Aktyalite AN KREYÒL

Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm yo pandan y ap fè oubyen...

Santé

Yon gason ki ejakile 21 fwa nan yon mwa gen mwens risk pou devlope kansè pwostat. Si koze ejakile sa nou rele nan langaj...

Société

Ki efè mastibasyon ka genyen lakay gason ki gen abitid fè l souvan? Koze mastisbasyon sa nou rele souvan nan langaj kreyòl la “la...