Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Atravè yon konferans, Epaphras Gibbs chèche ankouraje plizyè elèv Antenor Firmin avanse ak lavi

Atravè yon konferans, Epaphras Gibbs chèche ankouraje plizyè elèv Antenor Firmin avanse ak lavi

Elèv NS1, NS2, NS3 ak 4 sou patwonaj “Metanoïa” ki se yon komite anndan NS2, te òganize jodi 3 desanm lan, yon konferans dyalòg sou tèm “Une éducation de qualité pour l’avenir des jeunes”.

Atravè yon konferans, Epaphras Gibbs chèche ankouraje plizyè elèv Antenor Firmin avanse ak lavi

Anndan konferans sa ki te sipoze anime pa Dominique Domerçant, ki te g on anpechman ki pa t ka la, ansyen anbasadè lise Alexandre Pétion an, Epaphras Gibbs te mete l alawotè pou anime konferans dyalòg sa kote anpil fiminis te soti satisfè.

Nan pawòl ke l te pran, Epaphras ankouraje elèv yo pou yo pa chita konte sou moun dabò men se sou efò ak kapasite yo pou yo konte pou kreye idantite yo pandan l te envite yo repeti ti pawòl sa plizyè fwa epi pou yo kapte l. Yon pawòl ki di: “Mwen se aktè prensipal lavi m” ki ta vle di ou se prensipal moun k ap deside epi fè chwa k ap bon pou ou.

Pi lwen, mesye Gibbs raple ak jèn ekolye yo ke yo ta dwe pratike konsèp Metanoïa a ki s on chanjman mantalite pou l fè yo kwè nan tèt yo pandan l di yo se pa paske ou se elèv lise ki vle di se la pou w rete, ou pa ka avanse, ou pa ka reyisi pandan l te rale anpil egzanp jèn moun ki swa reyisi deja oubyen ap briye an Ayiti.

Jèn 19 van an ki apèn fini ak etid klasik li te rale kèk egzanp pèsonèl kote l te echwe pandan l lekòl men sa pa t fè l dekouraje, li fè konnen okontrè se otokritik tèt li ke l te fè epi avanse pou l te ka reyisi ak sa l te swete yo epi bay lavi l yon liy. Se te yon fason pou l di ak elèv yo pa dekouraje ak lavi malgre echèk.

Apre konferans dyalòg sa, se ak bravo lakontantman elèv yo te akeyi jèn sa ki te sanse anime konferans sa de fason enpwovize paske se pa li k te dwe konferansye men anpechman Domerçant te oblije. Elèv ki t ap swiv yo satisfè epi prè pou redouble efò apre pawòl ankourajman Epaphras Gibbs yo.

Epaphras yon etwal montant

Epaphras fèt nan yon fanmi kretyen. Papa l se pastè. Li fè tout klas segondè l nan lise Alexandre Pétion, li sot konpoze ane a pou NS4, l ap tann rezilta. Li se ansyen anbasadè lise Pétion, li se aktyèl anbasadè ISNAC ki s on lekòl jounalis. Li pran fòmasyon nan klèb Toast Master ki fòme moun sou fason pou pale elatriye epi l pare pou fè pran anviwon 50 elèv Antenor Firmin nan klèb sa. Li chanpyon konkou Fab ke MINIJUSTH te òganize. Apre rezilta l ap karese rèv pou l aprann diplomasi oubyen syans politik.

Dekouvri plis:

Anbasad Kanada ak CPAUAC lanse 5è edisyon “Festi Graffiti”

Plus de contenu

Littérature

Fable: “Quisqueya et ses hommes”, le nouveau texte du jeune fabuliste Epaphras Gibbs.  Le jeune fabuliste Epaphras Gibbs a pris le soin de présenter...